1ye Jen, sezon siklonik la rive : VEYE, PWOTEJE, RANFÒSE, SOLIDARIZE!

Jodi a se premye Jen, dat sezon siklonik lan koumanse an Ayiti pou rive 30 novanm. Pandan 20 ane pase yo, ak deteryorasyon klima a, frekans siklòn yo ogmante. Anpil dega fèt nan eksplwatasyon agrikòl yo, anpil jaden pèdi. Fanm yo, prensipalman sila ki se chèf menaj yo, premye viktim lè katastròf sa yo rive.


Moun ki rete kote ki ka gen deboulonaj tè dwe rete vijilan m, epi konsolide lantouraj yo. Tout pyès enpòtan yo dwe gade yon kote byen sekirize. Nan moman katastwòf, popilasyon an dwe deplase, kite yon zòn pou ale nan yon lòt, e menm konn ale nan avril pwoviswa. Tout sa ogmante klima vyolans sou fanm ak tifi. Fanm SOFA yo dwe toujou resikle tèt yo pou ogmante rezilyans fanmi yo.


Yon ti plan kontenjans dwe fèt nan kondisyon sa a pou manm SOFA ki epapiye nan prèske tout depatman peyi rive konsyantize, epi mobilize pou pote asistans dirèk bay moun nan kominote yo.

VEYE, PWOTEJE, SOLIDARIZE.

Lit Fanm nan se lit tout mas Pèp la.

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *