NÒT EKLÈSISMAN SOFA KONT AKSYON ANDY APAID AK AKOLIT LI SOU TÈ FÈM EKÒL DELICIA JEAN NAN SEN MICHÈL LATALAY

Delicia Jean se te yon peyizàn Sen Michèl Latalay, yon militant feminis manm Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA. An tan yon fanm Payizàn, li te toujou ap revandike Ledikasyon ak Otonomizasyon pou Fanm, patikilyèman Fanm Sen Michèl Latalay, vwa Delicia toujou rete vivan, menm apre lanmò l. Konsa SOFA apati youn nan 5 chwal batay li yo ki se Lite kont Feminizasyon povrete, miltipliye estrateji ak demach pou rive mete Fèm Ekòl Feminis Delicia Jean kanpe nan 8yèm seksyon Latalay.

  1. Nan koumansman lane 2012, SOFA achete nan fon l, yon kawo tè  nan lokalite Toman, 8yèm seksyon Latalay ;
  2. 2012-2013 : ONU-Femmes pote apiye SOFA nan finanse premye travay konstriksyon lekòl la. Finsman sa a te reprezante 23% nan devi global tout konstriksyon an ak ekipman ;
  3. 2016-2018 : ONU-Femmes finanse pwojè pou fèm ekòl la koumanse fonksyone, pandan SOFA kontinye ap miltipliye demach pou jwenn fon pou rive mete kanpe tout batiman ki konstitiye fèm ekòl la, ak tout dòtwa l pou akeyi fanm k ap soti nan divès komin ;
  4. 2016-2018 : SOFA fè demach bò Ministè Lagrikilti pou pou rive laji epi ranfòse aksyon Fèm Ekòl Feminis Delicia Jean. Nou rive siyen yon pwotokòl dakò ak ministè a ki mete a dispozisyon SOFA 13.75 ekta tè,  nan 8yèm seksyon Latalay, zòn Deboche, Savan Dyann. INARA, ki se Enstiti Nasyonal Refòm Agrè delimite teren an, epi remèt SOFA ofisyèlman dwa l sou tè a. Tout demach sa yo ak ministè Lagrikiliti te pran 2 lane, 2016 rive 2018.
  5. 2017-2018 SOFA rive gradye plis ke 240 fanm ak kèk grenn gason nan pwogram fòmasyon sou Lagrikilti Byolojik. Yon pwogram INFP ki se Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl, omologe, sipèvize, evalye epi sètifye.
  6. Pandan premye trimès 2019 la, SOFA bare tè ak babele, epi plante pye pran a, yon jan pou koumanse travay tè a pandan kanpay agrikòl prentan 2019 la, sa ki te fèt, kote nou te plante pwa kongo, kalalou, pistach, mayi. N ap raple SOFA fè chwa kontinye akonpaye fanm peyizàn yo nan lagrikilti peyizàn ki se yon lagrikilti byolojik ki pa mande entran agrikòl chimik peyizan ak peyizàn Ayisyen an pa gen kontwòl sou ekonomi l ak lasante l.
  7. Pou premye sezon jaden 2020 an, SOFA pran dispozisyon pou demare aktivite prepare tè pou fè jaden sou tè 13.75 ekta tè Deboche a. Sitiyasyon ki pat fasil akoz prezans COVID 19 la nan peyi a, kote anpil moun paka reyini nan yon espas. Anplis komin Sen Michèl estigmatize paske se la ki te gen youn nan 2 premye ka, prezidan repiblik la te anonse nan dat 19 mas 2020 an. SOFA ki gentan analize move konsekans COVID19 la pral gen sou koze lamanjay, blije devlope diferan estrateji pou rive mete tè a an valè, yon jan pou ede peyi a nan fè fas a emet grangou. Dayè, CNSA ki se Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè te gentan bay alèt 4 milyon moun ki pap ka manje kòmsadwa, depi anvan pwoblèm Kowonan a.
  8. Madi 26 me 2020, kòdonatris kominal SOFA rele Pòtoprens pou anonse entèvansyon gwo ponyèt ansyen minis lagrikilti, misye Agwonòm Fresner Dorcin, akonpaye ak yon manm KAZEK 8yèm seksyon an, misye Jean Gesner, alias Johny, pou kanpe travay mete kanpe yon mi 4m lajè ak 2 m wotè pou idantifye travay fèm Ekòl SOFA a. Ansyen minis PHTK a, deklare SOFA pap ka gen tè sa a, paske Andy Apaid gen pwojè pou tout savann nan.
  9. Mèkredi 17 jen, Fanm SOFA Sen Michèl mobilize bonè bonè pou kontinye diferan travay sou tè a pou sove sezon jaden an. Konsa, vè 9è nan maten, menm KASEK sa ki gen ti non Jhony an, fè yon premye pase sou yon moto, epi retounen ak yon kagezon anviwon 20 jèn gason, kraze 7 ranje blòk, frape medam yo ak senpatizan yo, blese, kote menm mari yon AZEK blese.

SOFA ap poze 4 gwo kesyon sa yo:

  1. Kiyès ki mèt peyi Dayiti ?
  2. Kiyès k ap dirije peyi Dayiti ?
  3. Kiyès ki plis pase Leta nan peyi Dayiti ?
  4. Kilè sistèm Restavèg, sistèm eksklizyon sosyal la ap fini nan peyi Dayiti ?

Andy Apaid ak ansyen minis PHTK Fresner Dorcin koumanse ap monte peyizan kont peyizan, yon jan pou fè yon beng san nan Sen Michèl Latalay, tankou 2 gwo masak Jan Rabèl nan lane 1987, ak Piatre nan lane 1990.

SOFA fè tout fòs kap batay pou kenbe sistèm peze souse, ki mache ak sistèm tchoul restavèg la konnen, Fanm pa konn bay legen

Lit Fanm nan se Lit tout mas Pèp la

Sabine Lamour

Kòdonatris Jeneral SOFA

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *