Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA, Kanpay sansibilizasyon sou Sante Fanm ak Prevansyon.-

Jou ki te madi 27 jen 2023, SOFA te reyalize nan mache Bomon, yon seyans sansibilizasyon sou IST, MST,  Gwosès anvan lè, ak Kolera. Te gen 10 Fanm, mikrofòn nan men, siyonen mache a, te fè rale sou diferan siy ak sentòm maladi sa yo, konsekans yo epi prevansyon pou pa trape yo. Yon lòt bò, yon machin t ap fè laviwonn mache a, pase espòt ki te fèt espesyalman pou sa. Nan lokazyon an, SOFA te distribye kapòt, blòk savon ak sewòm oral. Distribisyon sa a te touche dirèkteman 400 fanm ak gason nan mache a.  

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *