Konferans pou laprès pou denonse dappiyanp ki ap fèt nan Nòdès peyi a!

MOPDES, KPSKBM, TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN (TK), SOFA, PAPDA, MPP, POHDH ak KJM te bay yon konferans pou laprès nan dat 9 jen 2023 nan Savanolèt pou denonse zak dappiyanp sou tè ak arestasyon ilegal ki ap fèt avèk konplisite leta. Yo te pwofite voye mesaj solidarite bay peyizan ki viktim dappiyanp soutè epi fè konnen batay kont piyajè sa yo pa p kanpe. Paske tè agrikòl se pou fanm ak gason ki ap travay latè!!

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *