Fanm peyizàn SOFA kanpe Fè m!

Fanm peyizàn SOFA yo, kwak move desizyon politik Leta abitye pran kont pwodiksyon nasyonal peyi a, pa janm rete bwa kwaze ap gade. Fanm SOFA Sen-Michel Latalay makonen kapasite, kouraj ak ladrès yo nan travay tè pou pwodwi manje pou fanmi ak kominote yo, pou mache nasyonal la. Foto sa a, se egzanp yon jaden Fanm SOFA Sen Michèl ki se rezilta aplikasyon pakè teknik agwoekolojik la. Se yon jaden natif natal ayisyen ki pa depann de entran ki soti aletranje. Se yon jaden ak semans lakay, zewo labouraj, zewo pestisid chimik, zewo fètilizan chimik. Fanm SOFA nan Sen Michèl ap di tout Agrikiltris ak Agrikiltè pa itilize, ni kiltive pwazon k ap detwi lè a, ni tè a, ni lavi moun. Lit Fanm nan se lit tout mas Pèp la.

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *